La información de esta página es para clientes en 

{{ nombre del pueblo }}

Pwojè Enèji Dorchester

Nou Vle Tande Opinyon Ou 

Opòtinite Angajman k ap Vini yo

Reyinyon Piblik 1

Vin jwenn nou pou aprann plis sou pwojè yo pwopoze a ak fason nou planifye ede satisfè bezwen enèji k ap grandi nan kominote nou yo epi bay enèji ki fyab, abòdab, epi ki vin pi pwòp chak jou kliyan nou yo merite.

Mèkredi 15 Jiyè, soti 5:30 PM rive 8:00 PM

  • Pòt yo ap louvri a 5:30 PM, prezantasyon an ap kòmanse a 6:00 PM.

An pèsòn: The Great Hall nan Codman Square Health Center, 6 Norfolk Ave

Vityèl: https://zoom.us/s/94760258535

Reyinyon Piblik 2

Vin jwenn nou pou aprann plis sou pwojè yo pwopoze a ak fason nou planifye ede satisfè bezwen enèji k ap grandi nan kominote nou yo epi bay enèji ki fyab, abòdab, epi ki vin pi pwòp chak jou kliyan nou yo merite.

Mèkredi 15 Jiyè, soti 5:30 PM rive 8:00 PM

  • Pòt yo ap louvri a 5:30 PM, prezantasyon an ap kòmanse a 6:00 PM.

An pèsòn: The Substation, 4228 Washington Street, Roslindale 02131

Vityèl: Y ap pataje yon lyen Zoom pi pre dat evènman an. 

Nou Vle Tande Opinyon Ou

Ede nou pi byen konprann kominote ou a lè ou rakonte nou eksperyans pèsonèl ou.

Pataje opinyon ou Antre nan lis imèl la pou resevwa mizajou regilye

Satisfè Bezwen Enèji Lokal yo

Pwojè Enèji Dorchester la se youn nan plizyè pwojè  nan Metro-Boston ki nesesè pou sipòte demann pou elektrisite ki fyab. Pandan katye yo nan Boston kontinye grandi, bezwen enèji yo kontinye ogmante tou. 

Eversource pran angajman pou bay kliyan yo elektrisite ki an sekirite ak fyab chak jou. Pou ede respekte angajman sa a ak satisfè bezwen enèji kominote nou yo k ap evolye, Eversource dwe amelyore rezo elektrik ki egziste deja epi ki ap vin ansyen, ki alimante lavi chak jou nou.

Amelyorasyon sa yo pa sèlman ap asire kliyan yo gen aksè ekitab ak avantaj yon sistèm elektrik ki fyab, men yo pral pèmèt kominote lokal yo tou entegre teknoloji enèji pwòp tankou enèji solè ak depo enèji ak batri. 

Apèsi sou Pwojè yo Pwopoze a

Pou reponn ak bezwen espesifik kominote nou yo, Eversource ap pwopoze yon seri pwojè enfrastrikti ki konekte youn ak lòt pou modènize sistèm elektrik la avèk ekipman ki pi modèn. Si yo apwouve li, aktivite ak kote travay pou pwojè yo pwopoze a ap varye selon eleman pwojè a:

  • Enstale nouvo liy transmisyon elektrik anba tè atravè Dorchester, Hyde Park, Jamaica Plain, Mattapan, Roslindale ak West Roxbury.
  • Amelyore liy distribisyon elektrik yo, konekte yo soti nan sou-estasyon yo rive lakay kliyan yo nan Dorchester, Hyde Park, Jamaica Plain, Mattapan, Roslindale ak West Roxbury pou ede ogmante rezèv enèji ak fyab nan zòn nan.
  • Konstwi yon nouvo sou-estasyon elektrik nan Dorchester pou soulaje sou-estasyon ki deja egziste yo ki toupre a ki rive nan kapasite maksimòm yo epi pou asire nou bay kliyan nou yo elektrisite ki fyab kounye a ak alavni.

Kalandriye Prevwa

  • Angajman kominotè: 2023–jiska kounye a
  • Dat prevwa pou depoze dosye bay Energy Facilities Siting Board (EFSB): 2026
  • Evalyasyon EFSB: 2027
  • Desizyon EFSB: 2028
  • Si yo apwouve li, dat prevwa pou kòmanse konstriksyon: 2028

Ekip angajman pwojè nou an pran angajman pou kontinye angaje kominote a anvan, pandan ak apre pwosesis evalyasyon regilasyon an, sa gen ladan l pandan faz konstriksyon nenpòt pwojè ki apwouve. 

Angajman Kominotè

Eversource pran angajman pou travay kole kole ak katye lokal nou yo, ansanm ak rezidan yo, biznis yo, òganizasyon kominotè yo ak responsab minisipal yo, paske opinyon yo enpòtan pou fòme avni enèji nou pataje ansanm. Sa gen ladan kenbe tout pati konsène yo enfòme sou nenpòt amelyorasyon enfrastrikti yo pwopoze ki ka afekte kominote yo, epi bay manm kominote yo opòtinite ki gen sans pou patisipe ak ekip pwojè a epi fè vwa yo tande.

Objektif angajman ak kominikasyon nou yo kontinye konsantre sou:

  • Sansibilizasyon kominotè: Kenbe rezidan yo enfòme sou amelyorasyon enfrastrikti k ap vini yo ki pral afekte kominote yo.
  • Patisipasyon enklizif: Koute rezidan yo, pwopriyetè biznis yo ak lidè kominotè yo, paske vwa yo enpòtan pou fòme avni enfrastrikti nou pataje ansanm.
  • Transparans ak kolaborasyon: Kenbe yon dyalòg ouvè pandan tout pwosesis amelyorasyon an, pou asire bezwen ak enkyetid kominote a jwenn repons.

Reyinyon kominotè yo (dosye yo nan fòma PDF):

Li Feedback Loop nou an: Revize repons yo epi aprann kijan kontribisyon ou ede fòme desizyon sou pwojè a. 

Lòt enfòmasyon:

Aprann plis sou fason rezo elektrik la fonksyone.

Kontakte Nou

Kenbe kominikasyon ouvè se yon pati enpòtan nan travay nou nan kominote ou a, epi ou ka pataje opinyon ou ak ekip pwojè nou an

Pou plis enfòmasyon sou pwojè sa a, rele liy dirèk enfòmasyon sou pwojè a nan 1-833-836-0302 oswa voye yon imèl bay ProjectInfoMA@eversource.com.

Si ou bezwen enfòmasyon sa a nan yon lòt lang, tanpri voye yon imèl bay ProjectInfoMA@eversource.com.

Enfòmasyon Disponib nan Lòt Lang

Tradiksyon nan lòt lang disponib sou demann. Si ou bezwen sèvis tradiksyon nan yon lang ki pa nan lis pou yon evènman piblik, tanpri voye demann ou omwen 72 èdtan anvan evènman an lè ou itilize adrès imèl ki anwo a.

Sipò finansman pou entèvenan yo

Finansman pou entèvenan disponib pou antite ki kalifye yo pou sipòte yon patisipasyon ki gen sans nan pwosedi Energy Facilities Siting Board (EFSB) la atravè Pwogram Sibvansyon Sipò pou Entèvenan Depatman Sèvis Piblik la ak EFSB.